Konprann kò w, jere sante w, epi repran kontwòl fètilité w

Fòmasyon pou sante repwodiktif

Konprann kò w pi byen ak kou videyo nou yo. Nou ofri repons klè sou fibwòm, kist, SOPK, ak fètilite, pou fanm ak gason.

Kou konplè pou sante fanm

Fètilite fanm : repons klè

Kou spesyal pou medam ki gen fibwòm yo, ak 24 videyo ki fèt pou edew debarasel de fibwòm natirèlman

Konprann kò w, pran desizyon

Fòmasyon Konplè sou Fibwòm nan Matris

Konprann rezon ki fè fibwòm devlope, ki jan yo afekte sik ak fètilité w, ak tout opsyon tretman ki egziste yo. Yon fòmasyon ki senp, san jagon konplike, pou w ka pran pi bon desizyon pou sante w.

Fètilite fanm : repons klè

Kou spesyal pou medam ki gen SOPK yo, ak 24 videyo ki fèt pou edew konbat dezekilib òmonal sa e fete pitit ou

Konprann kò w, pran desizyon

Fòmasyon Konplè sou SOPK (Sèntwòm Ovè Polikistik) Dekouvri tout sa k ap pase nan kò w ak nan òmòn ou yo lè w gen SOPK. Aprann ki jan pou w re-ekilibre sik ou, konbat rezistans ak ensilin, jere senptòm yo, epi optimize fètilité w ak solisyon klè e natirèl.

Fètilite fanm : repons klè

Kou spesyal pou medam ki gen pwoblèm enfètilite,24 videyo ki fèt pou edew konbat pwoblèm ovilasyon, sik manstriyel iregilye e enfètilite inesplike.

Konprann kò w, pran desizyon

Fòmasyon sou Ovilasyon ak Enfètilite Inexpliquée

Menm si w gen règ regilye oswa iregilye, ou ka gen pwoblèm nan fason kò w ap ovule oswa gen lòt faktè ki bloke gwosès la. Dekouvri kòz kache yo, ki jan pou w analize fenèt fètilité w, ak ki aksyon pou w pran lè doktè di w "tout bagay nòmal" men w toujou pa ka vin ansent.

Fètilite fanm : repons klè

Kou spesyal pou medam ki gen kis ovaryen, 24 videyo ki fèt pou edew konbat kis ovaryen, ki anpechew ovile e bay pwoblèm pou ansent.

Konprann kò w, pran desizyon

Fòmasyon Konplè sou Kis nan Ovè (Kystes Ovariens)

Lide gen yon kis pa dwe fè w pè. Aprann fè diferans ant yon kis fonksyonèl ki ka pati poukont li ak yon kis ki bezwen plis atansyon. Fòmasyon sa a ap ba w tout enfòmasyon klè sou senptòm yo, swivi medikal yo, ak jan pou w jere yo san laperèz.

Pou gason Ayisyen

Fètilite gason: repons klè

Kous espesyal nou an gen 12 videyo ki fèt pou abòde sante repwodiktif gason avèk respè ak enfòmasyon egzat, retire tout stigma.

Konprann kò w, pran desizyon

Sante gason enpòtan menm jan ak sante fanm. Kous sa a ofri enfòmasyon syantifik sou faktè ki afekte fètilite gason, prevansyon, ak opsyon pou amelyore sante repwodiktif. Tout sa, nan lang kreyòl, ak yon ton ankourajan.

Pa konn kote pou w kòmanse?

Kwiz pou jwenn kous pa w la

Fè yon ti kwiz rapid pou n ede w idantifye kous ki pi adapte ak bezwen sante repwodiktif ou. Jwenn repons klè ak kè poze.

Pare pou kòmanse fòmasyon w?

Achte kou ou fasilman ak PayPal oswa kat bankè. Gen lòt mwayen ou kapab peye , tankou natcsah ou mon cash. Après Aksè videyo yo imedya, pou w ka kòmanse aprann san trala.