Konprann kò w, jere sante w, epi repran kontwòl fètilité w

Miss Guy Rose Sanchar

Sante Repwodiktif & Fètilite San Tabou

Kò w pa yon mistè, an'n konprann li ansanm

Chachou Formation an liy, se fòmasyon medikal kle sou fibwòm, PCOS, kist, ak fètilite fanm kou gason. Aprann konprann kò'w nan lang kreyòl, ak sipò ekspè.

Fòmasyon Nou Yo

Nou ofri 5 kou konplè, ki kouvri tout sa ou bezwen konnen sou sante repwodiktif ak fètilite, nan lang kreyòl.

Sante Fanm

Fètilite Fanm

Fètilite Gason

Kou detaye sou fibwòm, kist ovè, ak PCOS. Konprann kò w ak kè poze.

Navige defi fètilite ak enfòmasyon egzak ak sipò emosyonèl. Jwenn repons ki klè.

Yon kous espesyalize pou gason, pou konprann ak abòde pwoblèm fètilite gason san wont.

Ann gade sa w'ap jwenn

Konprann e aprann anpil bagay sou fètilitew

108+

Videyo Fòmasyon

5

Kou Konplè

Ekspè

Konsèy Medikal

• Apwoch nou

Fòmasyon ki Baze sou Syans ak Kè Poze

Nou bay enfòmasyon medikal egzak nan yon fason ki fasil pou konprann. Chak kous fèt ak renmen, pou retire wont epi ofri repons klè sou sante repwodiktif ou.

Metòd nou an konbine ekspètiz medikal ak yon ton cho, Nou se yon enfimyè ki ap pale ak yon zanmi. Sa pèmèt ou pran pi bon desizyon pou sante w ak konfyans.

Èske ou santi w pou Kont ou nan sa?

Ou ap tann yon bebe depi lontan epi w bouke ak konsèy chak semèn.

Nou ba w yon chemen klè, etap pa etap, pou fanm ak pou gason.

Doktè a di "se fibwòm" epi w' soti san w' pa konprann anyen.

Nou pran tan eksplike chak bagay ak mo senp, ak desen ak egzanp.

Règ ou pa janm vini regilyèman epi tout moun di w' pa fè kè w sote.

Nou ba w yon chemen klè, etap pa etap, pou fanm ak pou gason.

Aksè pou tout tan, sou sou tout telefòn . Yon sèl pèyman, ou kapab gade videyo yo lèw vle, ou fè kwiz yo, epi w' antre nan live yo